top of page

Eske'w te Konnen Gen 2 Adan Bib la?

Premye kesyon ou ka poze tet ou, nan ki lekol tewoloji moun ki ekri atik sa te ale? Poul ap di bagay tèt pa dwat sa.


Men'w ka twouve sa etranj, koman fè gen 2 Adan nan bib la? Nou tout konnen nan Jenèz chapit 2, LETENEL te fè on èt sanblab a imaj li.

Ki te rive dezobeyil e ki te vinn mouri.


Eben kilè LETENEL te kreye lot Adan sa? Eske se a Pousyè ankò li te refel?



La Pawol rapote nan LIK 1:38 Adan te pitit BONDYE, se premye èt imen (fizik) ki te kreye, menm la Pawol sa pale de on lòt Adan nan 1 Korentyen 15:45 ki se premye èt espirityèl ki te pran nesans ke yo rele Pitit BONDYE

(2 Korentyen 1:19) ki se JEZI KRIS





Yo Chak gen karakteristik yo!


1er Adan an

- Te on èt Terès

2eme Adan an

- Son èt Selès


1er Adan an

- Se te la matyè (Pousyè)

2eme Adan an

- Espirityèl (Espri)


1er Adan an

- Tante nan manje e li peche

2eme Adan an

- Tante nan manje e li pa peche


1er Adan an

- Pou BonDye te pran Epouz li yo te fann Bòt kòt li (ÈV)

2eme Adan an

- Pou Epouz li te pran Nesans yo te pike Bò kòt li (LEGLIZ)


1er Adan an

- Mouri a koz de Èv kite peche e ki fel peche

2eme Adan an

- Mouri a koz epouz li (Egliz), li te vle sove


1er Adan an

- Desann nan Pousyè

2eme Adan an

- Desann nan Pousyè epil Monte nan Syèl a premye Adan an


Si'w se soti nan Premye Adan an, ou gen pouw tounen pousyè ( E BonDye di djab la gen poul manje pousyè pandan tout rès vi'l, depiw nan premye Adan ou se manje djab)


Men siw chwazi 2eme Adan an wap viv menm si'w mouri, Menm jan dezyem Adan an monte nan syel, ou menm tou ou pral jwenn li kote'l ye an!


CHWAZI JESUS CHRIST ZANMIM!


 
 
 

Comments


Faire un don avec PayPal

Subscribe for updates

Toujou Ret Update

© 2018 Inspiration Divine

bottom of page