LAZA, WOCH LA PA LWEN WOULE!
- Inspiration Divine
- 28 juil. 2018
- 2 min de lecture
Anpil nan nou tande pale de istwa Laza, swa nan Bib la, swa nan fim Jezi, swa nan bouch pastè yo.
Laza se te on nèg ki te fèt a Betani, se te frè Mari a Mat.
Sa vinn rive on lè li malad grav, pèsonn pat ka fè anyen pou li, li depanse anpil kob kay doktè, li fe tout sal konnen, jiskaske'l rive pèdi lavi'l, kote li gentan fè 4 jou nan tonbo! Se te gwo touman a dèy ki te gen nan zòn nan.
Konbyen Laza kap li ti atik sa nan moman sa?
Konbyen nan nou, nou pa wè anwo, nou pa wè anba?

Bib la di Jezi te renmen Laza anpil, malgre lanmou sila, maladi a lanmò te rive frape'l!
Eske Jezi paka proteje sila kap sèvi'l yo? eske nan sitiyasyon'w ye an ponyèt BonDye twò kout pou'l ede'w?
Men kisa Jezi di nan "JAN11:4 Maladi sa sepou glwa BONDYE"
Eben ou wè ti sa'k kanpe devan'w lan, kap fow kriye maten, midi, swa an, BonDye bezwen manifeste glwa'l ladan
Jis fèl konfyans, paske pa gen moun kap sèvi BonDye ki soti wont!
Paske pa gen glwa, san soufrans, pa gen temwanyaj san problèm!
Jezi fè 2 jou li mize nan wout jiskake Laza mouri e santi!
Eske Jezi te anreta? oswa li pat bay sa enpotans?
Lwen de la, Jezi pa konn anreta, li soti bonè e'l antre ta. Pandan'w wè BonDye fè silans sou dosye'w yo e nan wout li ye lap vini. Menm si'w wel ap mache piti se bezwen'l bezwen bagay yo enpire menm!
Esa fè depi'w wè bagay yo anpire ou met konnen Segnè an pral aji!
Fò doktè an di pa gen espwa menm!
Fò paran yo komanse prepare kòb anteman'w menm!
Fò vwazinaj komanse griyen dan sou ou menm!
Paske Dye pa aji nan fasilite, fò yo imilye'w menm!
Anpil moun nan epok lan, te konn wè malad leve mache men yo potko janm wè on mò leve!
Epou'm di'w sa BonDye bezwen fè nan vi'w la son bagay tou nèf ki poko janm fèt swa nan fanmi'w, swa nan zòn nan.
Pandan'w ap tann Gerizon, BonDye li menm vle bow Rezireksyon!
Pandan'w ap tann BonDye peye kay la pou ou, li menm li vle yo mete'w deyò pou'l ka bo'w prop kay paw!
Lè Jezi pale letenite anvayi, pawòl li kouri a vites, sal di a bouch li menl' akonplil!
Le'l di Woule Woch la moun yo pat kwè ata menm fanmi Laza te doute, pa etone'w nan saw ye an si menm fanmi'w lage'w.
MÈT la gen poul fon kri tande! Menm jan'l te di LAZA LEVE! E tout moun te sezi we Laza soti vivan nan lanmò an.
Li gen pou'l pale pou ou tou! Tout moun gen pou rete men nan bouch! Yo pap ka kwè men Jezi jis ap fèl!
Zanmi'm nan on tan ki pa long, ou gen pou'w viv LA GLWA, kenbe La Fwa, woch la ap woule a tou jamè
Lè sa pa bliye ba Jezi tout Glwa li merite!
ID Motivation
Si'w renmen atik la pa bliye share li petèt la ede on lot.
Comments